thumb do blog Istwa
thumb do blog Istwa
imagem - 1945 - JOU LI TE FÈT

1945 - JOU LI TE FÈT

Edir Macedo te fèt nan jou 18 fevrye 1945, nan yon ti vil ki rele “Rio da Flores – Rio de Janeiro” – Brezil. Li se katryèm pitit Mesye Henrique Bezerra e Madam Eugênia de Macedo Bezerra, Medam Geninha, sa se kòm moun ki pi pre li yo te konn rele li. Fanm lan te akouche 33 fwa, sepandan se sèlman sèt pitit ki pa mouri.

imagem - 1971  - MARYAJ LA

1971 - MARYAJ LA

Apre yon rankontre avèk Bondye, objektif Edir Macedo se te soti byen nan chwazi yon fanm pou li marye. Lè sa a, li te jwenn yon bèl ti jèn fi ki rele Ester Eunice Rangel, yon ti fi espesyal ki te elve nan yon fanmi evanjelik. Yo te menaje pou yon ti tan, fyanse, apre sa, yo te fin marye. Nan 8 mwa, yo menaje, fyanse ak marye. Yo te fin etabli yon alyans nan yon serimoni fèt nan legliz ki te rele “Nova Vida” nan katye “Bonsucesso, Rio de Janeiro – Brezil.

imagem - 1975 - YON MALADI KI TE POTE LAVI

1975 - YON MALADI KI TE POTE LAVI

Ti jèn ak bèl koup la tap espere pou dezyèm pitit la, Viviane, men imaj yo te wè a, apre yo resevwa ti bebe a tapral make lavi yo pou toutan. Li te fèt mès anpil epi avèk zorèy ak figi li defòme. Li te fèt avèk yon maladi ki rele “fente labiale ak palatine”.

“Ester tap eseye siye figi li ki te plen ak dlo ki te soti nan je li. M te kriye menm jan an tou, men m te leve panse m yo nan Bondye. M te santi fò nan yon fason m pat ka esplike. Doulè m yo te fè m vini bò twòn Bondye a, epi m te deside priye. Sepandan, sa se pat yon priyè nòmal. M te fèmen men m yo epi avèk yon gwo revòlt, m te frape kabann nan plizyè fwa.

– Bondye mwen, kounye a la, pèsonn pap janm kanpe m ankò. Pap gen fanmi, madam, lavni, santiman, anyen! Pèsonn pap ka kanpe m! Pèsonn, pèsonn! Sa ase pou mwen! Sa ase pou mwen!

Nan moman sa, Legliz Universal te fèt”

imagem - 1977 - TI PLAS KI RELE “MEYER”

1977 - TI PLAS KI RELE “MEYER”

Tout bagay te komanse nan yon ti plas ki rele Meyer, nan yon kote ki pòv nan lavil Rio de Janeiro – Brezil. Chak Samdi a Evèk Macedo te kenbe mikwofòn ak bib la epi li te konn fè travay la nan katye Meyer. Li te konn monte 7 mechanskalye nan ti plas la epi li tap preche pou kèk moun ki te la yo.Sa te premye pa Legliz Universal kote ke prensipal moun ki te ankouraje ak sipòte li se te madam Eugênia, manman evèk la.

imagem - 1977 - PREMYE LEGLIZ UNIVERSAL

1977 - PREMYE LEGLIZ UNIVERSAL

Premye Legliz Universal te fonde nan yon ansyen sal fineray, nan katye Abolição. Premye sèvis fèt nan kote sa a te nan 09 Jiye 1977 fèt pa evèk Macedo, sa te yon sèvis ki te make istwa Legliz la. Yon gwo foul moun tapral resevwa Delivrans depi yon travay ki te komanse nan yon fason senp.

imagem - 1977 - MOMAN DESIZYON AN

1977 - MOMAN DESIZYON AN

Ti jèn Edir Macedo te komanse travay nan yon lotri, nan Rio de Janeiro ak 16 an. Nan kote sa, li te grandi ti pa ti pa, jiska li vin yon chèf kès nan biwo a, sepandan, yon moman te rive ke li te abandone tout bagay akòz levanjil la.

imagem - 1984  - LEGLIZ AKERI RADIO “COPACABANA”

1984 - LEGLIZ AKERI RADIO “COPACABANA”

Nan epòk sa, legliz tap fè pwogrè avèk plizyè pwogramasyon radyo ak televizyon, malgre li pat reyalize yon ansyen rèv, legliz achte pwòp mwayen kominikasyon. Jiska nan moman ki te vini premye opòtinite a pou yo achte “Radyo Copacabana” sa te youn nan kèk radyo ki pi popilè nan Rio de Janeiro nan epòk sa.

 

 

imagem - 1985  - MOISÈS, LÒT PITIT MWEN AN

1985 - MOISÈS, LÒT PITIT MWEN AN

Moisés te rive nan lavi koup la sèl avèk 14 mwa de vi. Sa te pase nan yon fason enteresan, yon fanm te pote li nan legliz epi li lage nan men Ester. Li te mande yo pran swen ti bebe a pou li. Sa te yon bagay estraodinè, lè evèk la te konfime entansyon fanm lan epi li te kenbe ti bebe a.

“M te wè ti gason an, m te pase men sou tèt li, m te leve li anlè a, epi m te konsakre li bay Bondye nan lapriyè ansanm ak tout moun ki te nan legliz la epi m te di:

– Kounye a la te fèt Moyiz legliz Universal la!

Apre yon jou, nan demen, m te fè pwosesis adopsyon epi m te ofisyalize dosye a.

imagem - 1986 - KOMANSMAN LEGLIZ UNIVERSAL NAN OZETAZINI

1986 - KOMANSMAN LEGLIZ UNIVERSAL NAN OZETAZINI

Anvan Legliz Universal gaye toupatou nan lemonn, li te komanse nan Ozetazini, lè evèk la te voyaje a Nouyòk, Legliz la te gen 9 an, apre premye tanp inogire nan Brezil.

“M te konnen Ozetazini se te sant mond lan. M te konsidere kote sa yon chemen ouvè pou nou avanse levanjil la. Pou mwen menm te klè anpil opòtinite peyi a te ofri ba nou pou gaye pawòl Bondye a nan lemonn antye. M te debake pou kò m nan zile Manhattan, pa mwayen envitasyon yon pastè amerikèn, Forrest Higginbothan.”

imagem - 1987 - EVENMAN NAN TEREN FOUTBÒL - MARACANÃ

1987 - EVENMAN NAN TEREN FOUTBÒL - MARACANÃ

Nan mwa Avril 1987, ane Legliz Universal fè 10 an, se te yon ane san parèy nan sans konsantrasyon ak gwo evenman. Estad Maracanã tapral vini, pou premye fwa, plen avèk yon foul moun lafwa ak fidèl pou Bondye, plis pase nenpòt fanatik foutbòl te fè anvan. Yo te chwazi pou fè konsantrasyon sa nan “Vandredi Sen” yon jou ferye relijyon tradisyonèl kote ke yo te fè sou tèm “Duelo dos Deuses” yon bagay kòm batay Bondye Vivan an kont tout dye mond yo. Li te yon Tèm estratèjik ki te gen kòm objektif montre pou moun ki sèvi lòt dye ke pa gen youn tankou Bondye Vivan nou sèvi nan Legliz Universal.

Lèfini, 200 mil moun te gentan chita twazèdtan, nan Etad foutbòl Maracanã, ap espere pou gran evenman sa. Yo pat janm wè anvan yon gwo evenman kretyen ki te plen etad la konsa.

“Se pa ti kontan m kontan, lè m sonje sa ki te pase a la. Sa se pa yon vanite pou nou te plen etad la, men paske Bondye te ka konte sou mwen. M te vle yon sèl bagay: Sentespri a konte sou mwen pou nou pataje Delivrans lan kote ki plen avèk moun ki te nan soufrans ak doulè”.

imagem - 1989 - LEGLIZ UNIVERSAL TE RIVE NAN AJANTIN

1989 - LEGLIZ UNIVERSAL TE RIVE NAN AJANTIN

Nan mwa oktòb 1989 la, travay Legliz Universal te rive nan Ajantin. Nan komansman, 20 fidèl te resevwa batèm nan dlo, nan yon ti legliz. Komansman travay la te difisil anpil. Tout mwayen kominikasyon nan peyi a te vire kont travay legliz la. Sepandan, nou te bezwen montre fòs, se poutèt sa a Evèk la te oganize yon gwo konsantrasyon nan pi gwo etad foutbòl ajantin, “Monumental de Núñes” Etad ekip ki rele “River Plate”.

imagem - 1989 - TV RECORD

1989 - TV RECORD

TV Record te plonje nan yon gwo “lanmè” dèt epi li pre pou fè fayit nan epòk sa. Mèt TV a, ki nan epòk la se te yon anteprenè ki rele “Silvio Santos” ansanm ak “Fanmi Machado de Carvalho” tap jere li avèk plizyè dèt.

Apre dialòg la pou fè negosyasyon atravè yon reprezantan legliz la, ki nan epòk sa se te yon Depite ki rele “Laprovita Vieira”, zafè a te evolye rapid, tout moun te vin satisfè epi yo te make yon rankontre nan kay “Silvio Santos” pou finalize biznis la.

imagem - 1991  - MARYAJ PITIT KI PI GRAN AN, CRISTIANE

1991 - MARYAJ PITIT KI PI GRAN AN, CRISTIANE

Evèk Macedo mennen pitit fi ki pi gran an pou l marye avèk jèn gason Renato Cardoso. Seremoni an te pase nan yon nwit Samdi, nan yon bèl kay kote yo te konn fè fèt nan lavil “São Paulo” Brezil, pou anviwon 300 moun envite epi se te pwòp Evèk la ki te reyalize seremoni an kote li te di pitit fi li a konsa:

imagem - 1992 - 11 giorni in prigione

1992 - 11 giorni in prigione

Bò kote machin nan kanpe plizyè moun lapolis avèk mitrayèz, revolvè ak fizi eou yo te brake sou Evèk la ak fanmi li yo. Sa ki te pase a la te sanble plis kòm si yo te vle kidnape li pase  yon lòt bagay. Evèk la te resevwa manda arestasyon kote yo te trennen li jete andan machin lapolis kòm yon bandi. Yo te akize sou charlatanism, fò guerizon ak detounen anba. Li te pase 11 jou pou kó li nan prizon.

imagem - 1992 - MARYAJ PITI FI KI PI PITI A - VIVIANE

1992 - MARYAJ PITI FI KI PI PITI A - VIVIANE

Viviane te kite kay paran li yo anvan 20 an menm jan ak sè li ki pi gran an. Li te menaje ènan ak yon mwa apre li te vin fynasè epi li marye, nan jou 25 Jiye 1992. Evèk la te mennen pitit fi ki pi piti a jiska lotèl la pou marye avèk yon jèn pastè oksilyè ki rele Julio Freitas, nan ansyen Legliz Universal nan katye Santo Amaro – São Paulo, Brezil.

“M sonje ke nan moman m te fè lapriyè a m kriye:

– Bondye mwen, lè li travèse moman difisil yo, sonje, Senyè mwen, lapriyè sa – M te pale sou mikwofòn .

Apre m te beni koup la e di: Se pou toulede tounen vini yon benediksyon tankou mwen menm ak Ester, madam mwen an ye”.

imagem - 1995 - GWO PÈSEKSYON FÈT PA PI GWO KANAL TV BREZILYÈN AN

1995 - GWO PÈSEKSYON FÈT PA PI GWO KANAL TV BREZILYÈN AN

Tout ane sa te make pa plizyè repotaj kont Legliz Universal atravè pi gwo kanal tv nan peryòd sa ki rele “Rede Globo”. Chak jou a, yo tap montre gwo sak plen avèk demann priye pèp la, sepandan yo tap montre kóm si yo plen avèk lajan ladan li.

imagem - 2009 - INOGIRASYON KATEDRAL NAN SOWETO - AFRIK DISID

2009 - INOGIRASYON KATEDRAL NAN SOWETO - AFRIK DISID

Evèk Macedo te reyalize inogirasyon katedral la nan Soweto. 6 mil afrikèn te pran chèz nan Tanp lan epi plis pase 4 mil akonpanye sèvis la depi deyò tanp lan, nan pakin legliz la. Manke espas pou anpil moun ki te la yo. Sèvis la te fèt an anglè epi anmenmtan yo tradi li pa lang “Xhosa ak Zulu”

imagem - 2010 - WÒCH PRENSIPAL TANP LAN

2010 - WÒCH PRENSIPAL TANP LAN

Evènman kote yo te mete Wòch Prensipal la pou kontriksyon Tanp Salomon nan Brezil te reyini yon gwo foul moun nan jou 08 Out 2010. Evèk la te reyalize 2 sèvis ki te gentan montre sa ki tapral vini apre gwo konstriksyon sa ki te genyen referans biblik yo nan pwojè li.

imagem - 2010 - KATEDRAL NAN LAVIL LOS ANGELIS - OZETAZINI

2010 - KATEDRAL NAN LAVIL LOS ANGELIS - OZETAZINI

Evèk Macedo te inogire yon bèl ak gwo katedral nan lavil Lozanjelis, Kalifoni – Ozetazini. Li te eseye fè sa pou 22 an, jiska li te gen opòtinite pou inogire prensipal ak pi enpòtan legliz Universal nan Ozetazini.

Konstriksyon sa a, gen 3 gwo sal diferan kote ke youn gen kapasite pou 1.600 moun. Li sitye nan gran ri ki prensipal ak enpòtan nan lavil la, toupre “Hall of Fame” nan yon kote ki byen koni nan “Hollywood Boulevard”

imagem - 2010 - PREMYE KATEDRAL NAN PÒTIGAL

2010 - PREMYE KATEDRAL NAN PÒTIGAL

Evèk la te reyalize premye sèvis pou inogire premye katedral nan peyi Pòtigal, nan yon nouvo bilding nan lavil “Porto”. Li gen yon bèl pwojè fèt pa ekip enjinyè legliz la pandan dezan e kat mwa. Li te yon Dimanch inogirasyon pou nou pap janm bliye li.”

imagem - 2012 - LIV “PA GEN ANYEN POU M PÈDI #1”

2012 - LIV “PA GEN ANYEN POU M PÈDI #1”

Piblikasyon premye liv trioloji sou memwa Evèk la te pote moman desizif ak enpòtan epi li ap pale sou dekouvè espirityèl ke li rankonte avèk richès detay. Yon “vwayaj” enteresan avèk bèl leson pou jodi a ak pou tan kap vini an. Liv la te jwenn yon mak liv yo plis achte, yo te vann plis pase 1 milyon nan 46 evènman ofisyèl nan lemonn.

imagem - 2012 - LIV “PA GEN ANYEN POU M PÈDI #1 - NAN PRIZON

2012 - LIV “PA GEN ANYEN POU M PÈDI #1 - NAN PRIZON

Premye aparisyon pèsonèl Evèk la te fè pou piblikasyon liv la se te nan sistèm prisonèl ki rele “Sant Detensyon Pwovizwa ( CDP 3 ) nan lavil São Paulo – Brezil, kote li te fè chak moun ki nan prizon yon liv kòm kado. Aksyon an te yon bagay yo pat fè anvan. Li te fèt pa Legliz Universal kap fè yon gwo travay evanjilizasyon andan prizon. Yo te ba yo kado apeprè 3 mil liv nan jou sa.

imagem - 2013 - LIV “PA GEN ANYEN POU M PÈDI #2”

2013 - LIV “PA GEN ANYEN POU M PÈDI #2”

Piblikasyon liv biografi Evèk Macedo 2, Pa gen anyen pou m pèdi #2” – Defi m yo devan bagay enposib – li te mete ansanm atis, anteprenè, otorite ak jounalis nan lannwit 28 Out la, nan Otèl “Copacabana Palace” nan Rio de Janeiro – Brezil. Yo te vann plis pase 1 milyon liv.

imagem - 2014 - PREMYE SÈVIS NAN TANP SALOMON - BREZIL

2014 - PREMYE SÈVIS NAN TANP SALOMON - BREZIL

Apre 4 an, yo te inogire Tanp Salomon, nan yon matèn Samdi, 19 Jiye, nan katye ki rele “Brás”, nan rejyon santral Sâo Paulo. Te genyen 10 mil moun andan Tanp lan, yon sèvis ki te genyen sèlman evèk, pastè ki te soti plizyè kote nan Brezil ak nan lemonn kote omwen yon moun reprezantan chak peyi kote gen yon Legliz Universal te vini.

imagem - 2014 - INOGIRASYON OFISYÈL TANP SALOMON

2014 - INOGIRASYON OFISYÈL TANP SALOMON

Seremoni ofisyèl inogirasyon an, nan jou 31 Jiye 2014, te yon etap enpòtan nan istwa Legliz la. Tout angajman ak efò nou yo, yo te rekonpanse pa yon bèl seremoni ke nou pap janm bliye li. Inogirasyon an te konte ak otorite peyi ak gwo pesonaj brezilyen ak etranje. Pami yo te gen prezidan Dilma Roussef ki te apresye anpil bote Tanp lan.

imagem - 2014 - LIV “PA GEN ANYEN POU M PÈDI #3”

2014 - LIV “PA GEN ANYEN POU M PÈDI #3”

Na twazyèm liv evèk la “Pa gen anyen pou m pèdi #3 – Soti nan yon ti plas jiska Tanp Salomon: Lafwa ki transfòme”, ap pote ba nou istwa san parèy ak leson de vi evèk la kòm papa ak mari. Nan yon entèvyou enteresan ki rakonte sou maryaj li avèk Ester ki te gentan rive a plis pase 40 an.

imagem - 2015 - MESYE SILVIO SANTOS VISITE EVÈK MACEDO NAN TANP SALOMON

2015 - MESYE SILVIO SANTOS VISITE EVÈK MACEDO NAN TANP SALOMON

Nan semèn Tanp lan te konpletè ènan, plizyè moun enpòtan vizite Tanp lan. Mesye Silvio Santos, madam li ki rele Iris Abravanel, pitit li ki rele Renata ak yon zanmi ki se kwafè li, Jassa ki te rann Tanp lan yon vizit. Animatè televizyon ak mèt kanal SBT TV te patisipe nan “pwomenad touristik” nan yon espas ki rakonte istwa legliz la, yo te konnen santktyè Tanp lan tou. Yo te fè ti mache sa ansanm avèk Evèk Macedo ak Ester, madam li an.

imagem - 2015 - PREMYE ANIVESÈ TANP SALOMON

2015 - PREMYE ANIVESÈ TANP SALOMON

Prezantatè Renato ak Cristiane Cardoso te komanse seremoni anivesè a kote ki te genyen plizyè omaj. Nan yo genyen moman yo te fè sonje chak peyi kote gen Legliz Universal atravè yo fè antre plis pase 100 drapo ofisyèl peyi avèk yon chan “Pafen Inivesèl” ekri pa Marcelo Crivella.

Nan dezyèm pati seriemoni an, Evèk la remake enpòtans tout moun envoke Bondye pou reyalize rèv yo.